Jovenel Moise: J’accomplirai mon mandat de cinq années!

Sep. 18, 2019
Lé Prezidan Jovenel Moise deklare lap boukle manda senk lane Pép la ba li, sa sa vle di?
Pou komanse, nou konnen lap pale avék konspiraté ki bezwen kase manda l, pou louvri pot tranzisyon politik,ki mennen tét dwat nan chimen piyaj kés Leta. Men pawol Prezidan Jovenel Moise la ta sanble ale pi lwen, afos li pa manke okazyon pou  di l.
Mande pou respekte manda senk lane vle di respekte Konstitisyon peyia. Kidonk, yon prezidan kap defann manda l, se yon devwa konstitisyonél. Sitou lé Konstitisyon 1987 la, nan atik 136, mete sou responsabilite Chéf Leta a bon fonksyonman enstitisyon nasyon an.
Nan lojik saa, nou ka di yon Chéf Leta ki pa defann manda l, se yon sitwayen ki pa fé devwa l! Toujou nan lojik saa, demisyon yon chéf Leta gen gwo konsekans pou estabilite, lapé ak sekirite nan yon peyi. Sitou lé opozan kap mande demisyon prezidan ap sévi ak mwayen antidemokratik tankou vyolans, kalomni,manti, koripsyon.
Prezidan Jovenel Moise poko poze yon ak ki pa mache ak dwa sitwayen, aloske Lopozisyon kont Gouvénman Jovenel Moise télman ale lwen nan vyole dwa sitwayen, yo pran wout teworis. Lopozisyon ap konbat Gouvénman Moise, men pi réd, yap atake rejim Demokrasi, Eta de dwa ki tabli rég jwét ak relasyon politik nan sosyete a.    
Se pa yon sekré pou pésonn, Demokrasi poko pran rasin isit. Se yon rejim frajil kap vanse ti pa, ti pa.Kote diktati ranmase tout kalite zam pou kenbe pouvwa, Demokrasi dwe sévi ak zam an ako avék respé dwa fondamantal sitwayen. Se enstitisyon demokratik ki defann Demokrasi. Plis enstitisyon demokratik yo fo, plis dwa sitwayen ak estabilite ekonomik, sosyal ak politik asire.
Listwa rapote pawol diktaté Papa Dok François Duvalier te deklare nan lane 1968: « Nan fen manda m,map soti nan palé a pou mwen ale simityé. Pép mwen ap suiv mwen, pou akonpaye m… ».
Opozan ki pat byen konprann sa Diktaté a te di pran wout fo Dimanch, osnon lotbo dlo an ekzil. Lwa diktati se vyolans,pa mande si diktaté an chéf la batize tét li kom revolisyoné, kit li adwat, kit li agoch.
Kidonk, chak pouvwa gen rég yo. Diktati se kraze zo, Demokrasi se dyalog, se chitatande, diskisyon nan respé youn pou lot.Paekzanp, mande Bondye padon, si yonn nan mesye Lopozizyon teworis sa yo nan Sena a, nan pati, gwoup anachis kap mete dife, detwi lavi ak byen, vyole Konstitisyon, ta fé dappiyanp sou prezidans lan, chak grenn Ayisyen tap mache ak sékéy yo anba bra yo!
Jouwoumou pa donnen kalbas. Se Pép la ki di l!
Men li klé Jovenel Moise fé chwa l. Li rive Prezidan nan eleksyon demokratik, lap respekte, lap fé respekte dwa fondamantal  Pép la. Se yon devwa pou li ansanm ak tout gouvénman l.
Pou byen Pép Ayisyen, pou pwogré ak estabilite asire, li ta bon pou Lopozisyon ta respekte rég jwét Demokrasi a, ki tabli nan Konstitisyon an.Wout Jovenel Moise trase, li pap devye. Se sa li vle di, i vle tout sitwayen konprann, lé li di lap potekole pou manda senk lane Pép Aysyen ba li. Lé Lopozisyon sévi ak vyolans, zam fann fwa pou atake Prezidan Moise, yo pa reyalize yo soti nan wout Demokrasi pou antre nan wout teworis.
Lavni ak devlopman Ayiti se nan pwogré enstitisyon Demokratik li chita.Prezidan Jovenel Moise ka pa reyalize tout pwojé ak rév li fé pou Ayiti, men fas a menas, danje,enkonpreyansyon, li kenbe tét dwat sou chimen Demokrasi. Jodi kou demen, Pép li ap ba l respé li merite.  
 
 
Share:

Author: `