JOVENEL MOISE GEN PWEN DEMOKRASI

JOVENEL MOISE GEN PWEN DEMOKRASI
Dec 4, 2018
Sak pa konprann, li pa two ta pou yo konprann: Prezidan Jovenel Moise gen Pwen Demokrasi. Kote li pran l, na reponn apre.An atandan,men prév ki montre aklé Prezidan Jovenel pran pwen Demokrasi :
1-Jovenel bay Palmanté Chwazél Chancy lanmen, pa yon krik pa soti nan krak lanmou Jovenel pou Ayiti.
2-Jovenel chita, manje sou tab ak Palmanté Youri Latortue, Jovenel toujou kwé nan pouvwa Labib.

  1. Jovenel temwen pwovokasyon sekté konbine Blakawout ak mafya politik ap fé chak jou pou frennen ekonomi peyi a,Jovenel di mwen pran not,men demokrasi tét dwat!
  1. Jovenel louvri liv listwa nan paj lanperé Soulouque ak Dok Duvalier, li pa gen tét vire, li di tan chanje: Demokrasi se rejim respé dwa, devvwa ak lwayote. Se bilten vot Pép ki mete m Prezidan, se travay chanje lavi Pép mwen vin fé.
5-Jovenel gade adwat, li gade agoch, li di wout pa m,se wout Konstitisyon. Kalfou Tenten kote yap tann mwen,yo pap jwenn mwen. Misyon pa m se bay demokrasi jarét. Travay sa a pa fét nan manti ni avék zam fann fwa. Misyon pa m se pote labanyé dwa ak devwa pou demokrasi pran rasin.
6-Jovenel se Ayisyen toutbon, Nég nan no. Lanmou  nég nan no, nég nan no tout bon, woté Sitadél Henry Christophe. Yo pwovoke Jovenel pou Jovenel ta poze zak ki pa mache ak demokrasi. Jovenel pa mache. Li kontinye tét dwat sou chimen Demokrasi.
7-Jovenel pran nouvél KEP pwovizwa siyen pak nan Doubay pou chovsourit vole kou toutrél, Jovenel mande si kafenol pi bon pase te vévenn…
Maladi Prezidantit télman fé raj nan tan jodi, politisyen li Konstitisyon 87 la tét anba :yo mete nan menm sak ANPECHE AK PECHE. Kote yo wé anpeche, yo li peche. Pwoblém-pwoblém!
Jovenel Moise pa fé peche, alewé pou li ta anpeche, jis pou 4 kole ak 5 pou fé 45-54, boul nan tyala lé ou reve Prezidan.Mezanmi, bilten vot pép pa fich bolét!
Prezidan Jovenel Moise gen pwen Demokrasi.Kote li prann l ?
Nou pa bezwen chéche lwen.: Lanmou Prezidan Jovenel Moise pou Pép Ayisyen e pou Ayiti woté Sitadél Henry christophe… Ann vanse. Pi devan,na wé pi klé, na konprann pou ki Pép Ayisyen bay Prezidan Jovenel Moise manda pou dirije peyia pandan 5  lane!Dlo potab, limyé, bonjan ledikasyon, swen lasante, lojman, sekirite, wout, karavan nan pap kanpe!
Lé Pép ba w pwen Demokrasi,devwa w se akonpaye Pép nan lit total-kapital pou dwa Pép. Sinon, Ayiti ap tonbe nan dlo Restore Democracy. Ki mennen tét bese nan Naje pou Nou Soti!

Share:

Author: `