Jounalis ak entelektyèl peyi d’#Haiti, lè yo pagen anyen pou di, yo kritike Lame #FADH. Men inyorans moun sa yo, se yon vrè pwoblèm pou sekirite ak egzistans peyi Dessalines nan

1- Yo di paske lame a gen selman 200 a 300 moun, li pa gen valè.

– Eske yo konnen ke se 330 solda meriken ki te okipe #Haiti an 1915? Yon lame toujou komanse ak ti efektif jiskaske li vini gwo.

2- Yo di, si Lame a te egziste vre, se li prezidan Jovenel t’a voye siveye fwontyè-a epi konbat kontreband.

– Se sèlman moun ki pa gen anyen nan tèt yo ki pou t’a voye yon lame ki fenk ap monte al goumen ak machann k’ap fè kontrebann sou fwontyè. Sa t’ap yon move desizyon ki t’ap pral mete lame sa anfas pèp kap viv sou fwotyè a. Epi tou se pa sèl militè ki veye fwontyè. Tout peyi, Etazini, Kanada, Sendomeng, gen solda, gen ajan imigrasyon, gen polis fwontyè, gen dwann k’ap sivye kòman moun ak machandiz ap pase.

3- Yo di paske jeneral Jodel Lesage poko mete etamajò sa vle di Lame a gen pwoblèm.

– Okontrè, sa se yon prèv ke sepa yon lame jwèt k’ap fèt. Ansyen komandan Kò Leopa yo konnen kisa lame ye. Kidonk, l’ap pran san’l pou li vanse kòmsadwa. Ansanm ak gouvènman an l’ap travay sou Katye Jeneral, l’ap kontinye voye jenn gason ak jenn fanm al fòme nan peyi Equateur pandan lap travay pou louvri sant fòmasyon militè an Haiti.

Pandan inyoran yo ap pale anpil ranse betize ak lame peyi d’#Haiti. Nan peyi Sendomeng gen yon gwoup klandestin, rasis, anti-Aysyen ki monte ak misyon pou detri peyi d’Haiti. Yo rele gwoup sa “Sociedad de la Guardia Nocturna”. Yo enfiltre tout kote, Etazini, Ewòp, amerik latin, Haiti kote y’ap kòwonp boujwa, otrite ak lidè politik pou yo ka fè yo pran desizyon pou kraze Haiti.

Aysyen Kale Je’w!

Menmjan ekip nazi yo te vle disparèt pèp jwif la, genyen yon ti gwoup Sendomeng ki ta renmen eliminasyon tout Aysyen. Nou sonje nazi yo te touye plis pase 6 milyon jwif nan sa yo te rele solisyon final la. Sendomeng genyen yon gwoup ki rele “Sociedad de la Guardia Nocturna”. Gwoup sa ta renmen elimine tout Aysyen. Youn nan moun ki responsab gwoup sa rele William Warlone. Yo gen kontak tou ak yon rezo moun ki rasis Etazini ke yo panse ki ka ede yo nan projè makab ke yo genyen kont Aysyen ki te kreye premye Repiblik Nèg nan mond lan. Mwen envite nou fè anpil rechèch sou sa sou facebook, Twitter e entènèt la. Nap sezi lè nou pral dekouvri dokiman sou sa e koneksyon yo. Bagay sa se yon gwo menas pou tout aysyen. Kale je nou!

Mwen ankouraje Ministè Defans akselere konstriksyon lame nou pou nou kapab defann tèt nou e pwoteje popilasyon nou lè gen menas! Men 2 foto, youn se logo ekip san manman sa, lòt la se foto paj you’n nan dirijan ekip san manman an ki deja refè kat dayiti e pwojè se mete lanmo toupatou nan peyi d’Haiti.

Ensekirite, kidnapin, kraze brize nan peyi d’Haiti, vyolans politik, kraze brize, ajitasyon san rete, boule katedral, detri sit istorik, tout sa yo rantre nan travay gwoup sa k’ap chache detri Haiti.

Se rezon sa ki fè @ReseauCitadelle te fache anpil lè li te wè deklarasyon brit sou kou jeneral Henri Namphy ak ex-DG PNH Mario Andrésol kont lame d’Haiti. Moun “Sociedad de la Guardia Nocturna” tèlman tout kote, nou oblije ap veye.

Yo gen anpil lajan ak anpil koneksyon pou kòwonp aysyen ki visye oubyen bay yo presyon fè yo fè vye deklarasyon kont pwòp peyi yo. Yo kolekte foto ak video sou dirijan aysyen ki al pran plezi, fè òji ak masisi nan otèl Sendomen.

Manb òganizasyon sa rasis anpil, yo gen lajan epi y’ap fè lòby kont Haiti nan mitan rasis meriken yo. Se yonn nan rezon ki fè nou wè diskou kont aysyen ak kont Haiti ap ranfòse tout kote nan mond lan.

Pèp aysyen pa dwe tolere radyoman, jounalis ak politisyen ap vin pale lame d’Haiti mal ni dekouraj jefò k’ap fèt pou remete li sou pye.

Sa mwen ekri la kapab reprezante gwo menas pou vi mwen. Paske lè w gen afè ak gwoup klandestin sa yo, ki gen gwo operatè pwofesyonèl tout kote, yo ka eseye atake’w tout jan, sou tout fòm. Men li nesesè pou pawòl sa pale pou aysyen konsekan yo konnen epi rete veyatif. Nou pa konnen kilè nou t’ap fèt, nou pa bezwen konnen ki jou nou ka mouri. Sèl bagay, n’ap toujou fè travay nou. Sa se misyon nou.  #LeReCit pran responsabilite pilye teks sa.

Aysyen yo dwe konnen ke gwo men kache k’ap chache plonje Haiti pi fon nan tchouboum :  Kolera pa yon bagay konsa konsa. Gen gwo konplo intenasyonal kont nou. Se pou entelektyèl aysyen ak jounalis yo sispann chita ap ranse betize pale tenten. Ak gwo minm lò ki sou fwotyè a, gen yon ti gwoup dominiken ki gen anpil lajan ki bezwen pran tè peyi d’#Haiti, y’ap chache kraze peyi-a pi plis.

Fòk nou pa janm blye ke se yon sosyete sekrèt ki te rele “La Trinitaria” ke dominiken yo te itilize pou pyeje #Haiti lè nou te okipe Sendomeng. Pa janm blye ke sosyete sekrèt dominiken yo toujou travay kont Ayti gras a konplisite aysyen. La Trinitaria” ke Juan Pablo Duarte, Francisco Sanchez ak Ramon Mella te kreye kont Haiti te travay men nan men ak yon gwoup aysyen nan Port-au-Prince ki te fòme yon sosyete klandestin yo te rele “La reforme”. Toujou gen moun nan peyi d’#Haiti  ki prefere chwazi sanble ak Dominiken, travay pou dominiken, defann enterè yo kont peyi d’#Haiti.

Veye Yo!

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, #Haiti

Share:

Author: `