EXTRAIT DU DISCOURS DU PRÉSIDENT DE LA RÉPUBLIQUE, S.E.M. JOVENEL MOÏSE, À L’OCCASION DU 18 NOVEMBRE 2020

Présidence de la République d’Haïti. 

Kisa nou konstate 217 lane aprè ? Se vre nou pap resevwa  kout fwèt kolon nan do nou ankò. Se vre nou pa gen chenn  nan pye nou ankò. Se vre nou pap mouri pa santèn nan  kal bato ankò. Men nou toujou rete esklav la èn, divizyon,  chirepit, mizè,enjistis sosyal, ensekirite ki anpeche nou pran  wout devlopman ekonomik, sosyal, ak politik tout bon vre. 

Batay Vètyè a pat fèt pou 217 lane aprè pou Ayisyen ap viv  san kouran elektrik. 

Batay Vètyè a pap gen okenn sans si 217 lane aprè tout  Ayisyen pa konn li ak ekri.

Présidence de la République d’Haïti. 

 

Batay Vètyè a pat fèt pou te bay monopòl ak yon ti gwoup  moun odetriman gwo majorite popilasyon an. Batay Vètyè  a pat fèt pou Ayisyen ap dòmi nan labou jan nap gade sa  avèk lapèn nan Site solèy, Site Boston, Site katon, nan Vilaj  dedye, nan Belè, nan site Chovèl nan Okap, nan Raboto,  nan tout katye popilè nou yo. 

Batay Vètyè a pat fèt pou move sityasyon fòse plizyè milyon  aysisyen pati kite peyi a pou yo al viv lòt bò dlo ak anpil  nostalji. Batay Vètyè pap fèt pou manman lwa peyi a mete  deyò plizyè milyon ayisyen nan zafè politik peyi yo. Batay  Vètyè pat fèt pou gen tout eksklizyon ak divizyon sa yo. 

Batay Vètyè a te fèt pou tout popilasyon an gen kouran  lakay li 24è/24. 

Batay Vètyè a te fèt pou tout ayisyen gen dwa jwenn lopital,  sant sante, doktè,enfimyè, famasyen pou ba yo bon jan 

 

swen lè yo malad. Batay Vètyè a te fèt pou pitit mwen ak  pitit ou al lekòl pou yo gen bon ledikasyon ak enstriksyon.  Pou yo jwenn inivèsite kap ba yo bon fòmasyon. Batay  Vètyè a te fèt pou tout moun jwenn jistis kit li se malere kit  li se gran nèg, kit l se moun nwa kit l se moun po klè, kit  li se moun lavil kit li se moun andeyò. Batay Vètyè a te fèt  pou etidyan yo gen aksè kredi lè yo fi n etidye pou yo monte  antrepriz yo jan nou fèl nan pwogram Papej la. Ou byen  pou yo entegre Administrasyon piblik la aprè konkou san  marenn san parenn jan Ministè Zafè Etranjè fèl la ou byen  jan OMRH fèl la pou rekrite jèn enjenyè yo ak administratè  yo pou meri nou yo e lòt enstitisyon nou yo. 

Batay Vètyè a te fèt pou n te gen plizyè baraj idwoelektrik  tankou baraj Maryon nan tout peyi a pou irige tè nou yo e  pou pwodwi kouran pou retire pèp la nan fè nwa. 

– FIN –

Share:

Author: `