Épidémie de choléra en Haïti : au moins 200 morts

Les autorités haïtiennes et les organisations humanitaires étaient vendredi en état d’«alerte maximale» pour tenter de juguler la maladie.

Haïti est frappé par une épidémie de choléra qui a déjà fait 200 morts, ont annoncé les autorités samedi. Le gouvernement tente de prendre des mesures pour enrayer la propagation de la maladie.

Plus de 1 500 cas avaient été recensés jeudi soir par les autorités haïtiennes. Il s’agit de la première épidémie de choléra en Haïti en un siècle, a précisé l’Organisation mondiale de la santé. Elle s’est déclarée dans le centre du pays, dans les départements de l’Artibonite et du Plateau central, où se sont réfugiés de nombreux rescapés du séisme du 12 janvier. Il s’agirait de la souche «O1» de choléra, le «type le plus dangereux», selon le ministre haïtien de la Santé Alex Larsen.



Share:

Author: `

1 thought on “Épidémie de choléra en Haïti : au moins 200 morts

  1. Ki reyaksyon kandida ki pre pou pran pouvwa nan peyi a? Konbyen nan milyon y ap gaspiye yo, yo mete aladispozisyon popilasyon an pou kontrekare epidemi kolera a? Kote pwomes chanjman sosyal ak ekonomik gouvenman an ak pretandan nouvo chef yo ap pwone a?

    Kidonk, nou we ke tout soyemonte sa yo se van. tout pale anpil sa yo se piblisite k ap fet pou pwomote aktivite dwog nan peyi a. Se otorite moun yo ap cheche pou yo kapab gen dwa ofisyel pou vann dwog epi dechepiye peyi a.Se pa anyen serye ke ya p vin regle vre.Poukisa nou pa we kandida yo ak gouvenman an, boujwazi repiyan pa di konbyen milyon yo deja mete aladispozisyon nasyon an pou sove lavi pep la ki andanje anba Jenosid jeneral ki komanse nan peyi depi lontan ki pral fini atrave epidemi kolera, malarya,tifoyid, ak tout lot kalte maladi san tretman yo fek envante pou vin detwi pep Ayieyen an?

    Malgre move lavi pep la toujou konnen anba gouvenman sangine yo, omwen, pou plis pase 100 lane, okenn moun pa t janm we katastwof konsa nan tout peyi a.Kounyeya, pou kantite bilyon dola vet k ap lave epi gaspiye nan peyi a, se kounyeya pou genyen tout tet chaje sa yo?

    Kriminel kont limanite sa yo, mwen respekte nou. Apresa, nou va chaje reprezantan ofisyel peyi nou yo pou vin pote mesaj regre pou krim sa yo bay gouvenman restavek kriminel nou pral mete nan pouvwa a, menmjan sa te fet avek ansyen Gouvene Jeneral kanada a, Michaelle Jean, nan peyi Rwanda, menjanm sa te fet avek Bill Clinton tou nan reyinyon entenasyonal la pou eksprime regre pou Jenosid ki te fet nan Rwanda. Sepandan, jouk jounen jodi a, Lafrans pa pete bay gouvenman Rwanda a santi pou tout krim ak Jenosid sa yo.

    Nou we ke tout ipokrit yo lage tout cjay la soudo Etazini poul mobilize teknisyen ak mwayen pou vin sove pep Ayisyen an preske pou kont li.Bon kote lot peyi ki ranje ko yo pou vin eksplwate riches peyi a yo?

    Tanselman, n ap veye nou tande.

Comments are closed.