Deklarasyon Pierre-Louis Opont ki se Chèf KEP nan Laprès Jounen 3 Juyè 2015

Pierre Louis Opont
Mesye Pierre-Louis Opont ki se chèf KEP (Konsèy Elektoral Pwovizwa) nan lakou peyi Dayiti pou pwochèn eleksyon ki gen pou vini an, fè yon gwo deklarasyon nan mikwo Valeri Numa/Radio Vision 2000 jou ki te 3 Jiyè a  …
Mesye Opont deklare ke Kandida ki te gen plis vwa nan dekont eleksyon prezidansyèl 2010 la, se pa li ki te deklare ofisyèlman kòm Prezidan.
1) Antan ke Direktè General KEP a nan lane 2010, li te aksepte resevwa lòd Entènasyonal la ki te enpoze chwa yo bay pèp la …. Se sa li avwe ak bouch li nan mikwo Laprès.
2) li di li te okouran men li pat reaji paske Entènasyonal la te di non e li te pè pou pa gen yon soulèvman popilè. Alò li te aksepte bay manti pou evite yon “bain de sang” nan peyi a. Jounen jodya se menm Pierre Louis Opont sa, ki pral dirije e pibliye rezilta pwochèn eleksyon nan peyi Dayiti…. Tankou pwovèb ayisyen an di : Chen ki abitye bwè ze ap toujou bwè ze. Pwoche pi pre, an nou  tande ak de zorèy nou.

Nou pa konnen konsékans pawòl devan dèyè sa yo. Dirijan Ayiti sanble yo bwè tafia anpil paské…

1) Pa bò isit nan peyi Etazini  e toupatou kote ki gen lwa, Yo tap Konvokel, sal di yo tap provoké gwo envestigasyon, tribinal, posibleman arestasyon .
2) Deklarasyon Opon yo, kestyone karaktèl e onètetel nan desizyon ke l te pran nan zafè bay kanè a yon seri kandida….
3) kidonk  9 moun sa yo  andedan CEP sila, sé  mannken yo ye … ki kontrole, supèvize et kòmandite pa gwoup interè entènasyonal la..
Share:

Author: `