Cour des Comptes :

Je wè , Dyakout vwayaje , djakout tounen  Politik ap brase bil “Cour Superieur des Comptes et du Contentieux Administratif ”  Telefon isit, telefon lôt bô dlo . Zotobre ap rentre , zotobre ap sôti . Genyen ki vwayaje. Sa yo gen nan dyakout yo ? Jou va, Jou vyen Pawol gen pou gaye.
Rôl Kou Siperyè Kont , se pa jwe jwèt eksklizyon, ni trafike dosye jesyon fonksyonè ki vle patisipe nan eleksyon pou dirije peyi yo. 
Move jwèt la ale two lwen .
Kou Siperyè Kont ,se yon aparey leta ki otonôm, ki vle di endepandan.
Kou Siperyè kont pa dwe resevwa lôd nan men manm pouvwa ekzekitif ,ni okenn lôt aparey leta,oubyen sektè.
Je klere pou wè tout move jwèt kap jwe.
Kou Siperyè Kont pa yon pati politik.
Manipile dosye Leta se yon gwo krim.
Nan chimen Fritz Robert Saint Paul ap Mennen konseye kou siperyè Kont la, yo dwe rankontre avek la jistis.
Krim nan biwo , krim deyè pôt, krim nan tribunal ,krim nan lari, tout dwe jije.
Je wè ,dyakout vwayaje,dyakout tounen.
Share:

Author: `

1 thought on “Cour des Comptes :

  1. Ayisyen ki pa konsekan nan zafe Peyi Dayiti, ki pap travay pou Peyi li, pou koule Pep li, ki rinmin Ras li ak koule po li…se FATRA, kisa ke yon kon fe ak Fatra?

    BOULE KE YO BOULE FATRA!

Comments are closed.