Analiz Video Kote Aristide Endispoze Okap

Nan 3 premye sekond yo ou konstate ke pa gen moun toutbon nan aktivite sa. Ou remake kèk fanatik Pitit Desalin kap farouche mesye Lavalas yo ak poster Moise Jeanchal nan men yo

Dezyèm Bagay ke nou Obsève nan Video sa
Nan 5 pwochen sekond yo ou wè kèk chimè lavalas akonpaye de lapolis ki atake e fwape kèk patizan pitit Desalin ki tap rele aba Aristide ak Fanmi Lavalas. Pandan sa ap fèt ou tande yon Lavalas kap di nan mikro nou pap pran nan pwovokasyon pandan ke chimè yo ap bat patizan pitit Desalin

Twazyèm Bagay ke nou Obsève nan Video sa
Nan 4 pwochen sekond yo kèk chimè ak sekirite ki gen zam kouri rantre sou stand nan ak Jean Bertrand Aristide ke yo antoure

Katryèm Bagay ke nou Obsève nan Video sa
Aristide komanse pale kote li di moun ap bay manti, ampil manti. Men pandan ke lap pale a patizan Pitit Desalin ki genyen poster Moise Jean Charles nan men yo komanse farouche e rele aba Aristide. Devan reyalite sa Aristide di yo se laverite pou nou bay, se Laverite pou nou kapab bay. Malgre sa patizan Pitit Desalin yo pafè bak e kontinye ap di pawol piman bouk kont Aristide.

Senkyèm Bagay ke nou Obsève nan Video sa
Lè Aristide remake ke Lavalas pa genyen kontwol sitiyasyon an, kè l kase e genyen yon sezisman ki pran l. Si ou gade figi Aristide byen wap wè yon santiman laperèz ki monte nan vizaj Aristide. Sa gen yon empak dirèk sou li. Eske ou konnen emosyon shok sa yo ki fè’w pèdi tout kapasite’w? Menm kote li febli Aristide chita e endispoze menmjan ak sou video Youtube Jesifra Abitan Demisyone.

Konklizyon
Se santiman ke li pèdi kontwol sitiyasyon ki vinn bay Aristide yon sezisman laperèz kifè ke presyon an te trop pou li. Aristide wè malè te ka rive l devan moun sa yo ki te move e presyon sa fè Aristide endispoze. Kesyon kap poze jodia eske se sezisman sa kifè ke Aristide endispoze toutbon oubyen eske se yon teyat ke li fè pou li te kapab chape poul li devan moun ki te levekanpe kont li? Repons a kesyon sa se nan men nou ke li ye. Yon bagay ki sèten ke bagay yo pral polarize plis ant Fanmi Lavalas e Pitit Desalin 2 pati ki kwè ampil nan violans. Mwen envite nou gade video sa plizyè fwa pou nou fè analiz panou e pou nou di si nou dako ak analiz e konklizyon mwen. Men video a gadel!

Share:

Author: `

2 thoughts on “Analiz Video Kote Aristide Endispoze Okap

  1. Some still claim is was an Aristide staged event. That there is no truth in it. Time will reveal the truths.

Comments are closed.