Pòtoprens, Madi 30 oktob 2012, Pèp Ayisyen, Ayisyen ak Ayisyèn an Ayiti ak Lòtbòdlo, Nou poko fin cheche dlo nan je nou, nou poko fin konte kadav viktim ak dega tranblemandetè 12 janvye 2010 la fè, alèkile men siklòn Sandy vin frape Ayiti fò, jouk nan zo. Lavi isit te deja pa bon. Lavi isit se syè ak san kap koule pou fè manje monte tab, pou peye lwaye ak voye timoun lekòl. Sandy vin pote plis mizè ak dezolasyon pou nou, pandan ke anpilfrè ak sè n anba tant toujou. Frè ak Sè m yo, Nan move moman sa a, nan tristès sa a, mwen di nou: KOURAJ! Nou poko fin konte moun ki disparèt ni sa ki blese. Anpil Frè ak sè n pèdi lavi yo. Dlo inonde plizyè nan depatman yo, dlo pote bèt ale ak tout jaden yo. Sandy touye moun, li kraze kay, likoupe wout, li pa kite anyen pou peyizan nou yo rekolte. Se lapenn isit, men se lapenn tou lòtbò fwontyè, lòtbò dlo. Map di Pèp Frè Ameriken yo, Pèp Frè Repiblik Dominikèn, Kiba, Jamayik, Pòtoriko : MWEN PATAJE DOULE NOU TOUT. Nou tout ki viktim, anpatikilye nou menn kap viv nan Noujèze ak Nouyok , espesyalman nan Vil Manatann kote Sandy fè anpil dega, mwen vle, nan non tout fré ak sè bò isit, pote yon gwo tètkole solidarite pou nou. Mwen kanpe avèk nou! Doulè yon Ayisyen se doulè tout Ayisyen, doulè yon Kretyen vivan se doulè tout kretyen vivan. Ayisyen, Ayisyèn, Jodi a, yon lòt fwa ankò malè frape nou. Malè frape Ayiti fò, sitou nan depatman , Sid, Sidès,Nip, Grandans ak Lwès. Men malè pa yon fatalite. An nou mete nou dakò tout bon vre pou Solidarite ak Tèt Ansanm. Si nou kontinye nan chemen pèditan sou wout egoyis, hinghang divizyon ak chenmanjechen, Solèy Solidarite paka leve sou peyi nou....
Read more »